Akèy

Tout sa w bezwen, yon sèl kote.

Lakkay konekte kliyan, vandè ak sèvis lokal atravè yon sèl platfòm, avèk yon sistèm livrezon ki fèt pou Ayiti.

Lojistik entegre, sèvis ki konekte Ayiti.


Lakkay Logistics devlope solisyon livrezon ak sèvis lojistik ki fasilite deplasman machandiz, koneksyon ant kliyan ak patnè, epi aksè ak sèvis atravè peyi a.


Tout sa w bezwen, yon sèl kote.

Lakkay konekte kliyan, vandè ak sèvis lokal atravè yon sèl platfòm, avèk yon sistèm livrezon ki fèt pou Ayiti.

Kijan Lakkay fonksyone ?

Sèvis Lakkay

Nou rann deplasman, acha ak livrezon pi fasil pou ou. Kit ou bezwen voye yon pakè, fè yon acha, ranmase yon kòmand oswa jwenn yon solisyon livrezon pou biznis ou, Lakkay Logistics la pou ede w.

Livrezon pakè

Voye oswa resevwa pakè, dokiman ak lòt atik san ou pa bezwen deplase. Lakkay Logistics ede w fè yo rive kote yo dwe ale, avèk plis fasilite ak sekirite.

Achte pou mwen

Ou bezwen yon pwodwi men ou pa gen tan oswa posiblite pou al achte li? Voye demann ou bay Lakkay. N ap verifye disponiblite ak pri pwodwi a, prepare yon kotasyon pou ou, epi òganize livrezon an apre validasyon ou.

Ramase pakè

Nou vin pran pakè oswa lòt atik nan yon adrès, epi nou transpòte yo pou ale nan yon lòt adrès selon demann ou. Ou pa bezwen deplase pou òganize transpò a.

Livrezon lakay

Resevwa acha ak kòmand ou dirèkteman lakay ou oswa nan adrès ou chwazi a. Lakkay Logistics òganize livrezon an pou fè pwodwi ou yo rive jwenn ou san deplasman initil.

Sèvis pou biznis

Nou akonpaye boutik, machann ak antrepriz ki bezwen solisyon pou ranmase, transpòte ak livre kòmand kliyan yo. Lakkay Logistics ede biznis ou òganize livrezon li yo pi fasil.

Poukisa chwazi Lakkay ?

Avèk Lakkay Logistics, ou jwenn yon sèvis ki fèt pou rann acha, ranmasaj ak livrezon pi senp. Nou mete kliyan ak biznis yo an relasyon ak solisyon lojistik ki adapte ak bezwen yo, pandan nou bay enpòtans ak kominikasyon, swivi kòmand ak satisfaksyon kliyan.

Vin vann sou Lakkay

Ou se yon machann oswa ou gen yon biznis? Vin jwenn Lakkay pou prezante pwodwi ou yo bay plis kliyan. Kreye boutik ou sou platfòm nan, jere pwodwi ou yo epi pwofite sèvis lojistik Lakkay pou livrezon kòmand kliyan yo.

Zòn nou kouvri

  • GONAYIV
  • SENMAK
  • OKAP
  • PÒTOPRENS

Kesyon yo poze souvan ( FAQ )

  • Kijan mwen pase yon kòmand sou Lakkay ?

Ou ka pase yon kòmand sou Lakkay lè ou vizite boutik nou yo sou platfòm nan, chwazi pwodwi ou bezwen yo epi swiv etap pou valide kòmand ou. Ou kapab kontakte nou tou pou jwenn asistans sou sèvis nou yo.

  • Kijan mwen ka achte yon pwodui ak sèvis Achte pou mwen an ?

Voye nou non oswa foto pwodwi ou ta renmen achte a. Lakkay ap verifye disponiblite ak pri li, prepare yon kotasyon pou ou, epi tann validasyon ou anvan nou fè acha a ak òganize livrezon an.

  • Kijan mwen ka voye oswa resevwa yon pakè ?

Kontakte Lakkay Logistics pou bay enfòmasyon sou pakè ou vle voye oswa resevwa a, adrès depa ak adrès destinasyon an. Ekip nou an ap ede w òganize sèvis la epi ba w enfòmasyon sou kondisyon ak frè livrezon an.

  • Kijan mwen la swiv yon pakè oswa yon kòmand ?

Lè ou gen nimewo swivi kòmand ou a, antre li nan seksyon « Swiv koli » sou sit Lakkay la pou chèche enfòmasyon sou pwogrè livrezon an.

  • Èske Lakkay fè livrezon lakay kliyan yo ?

Wi. Lakkay Logistics ofri sèvis livrezon nan adrès kliyan an oswa nan yon lòt adrès kliyan an chwazi, selon zòn sèvis la ak kondisyon livrezon an.

  • Kijan mwen ka konnen si Lakkay sèvi zòn mwen an ?

Ou ka konsilte paj « Zòn nou kouvri » a oswa kontakte ekip Lakkay Logistics pou verifye si sèvis la disponib nan zòn ou an.

  • Kijan mwen ka kreye yon boutik epi vann sou Lakkay ?

Pou vin machann sou Lakkay, vizite paj « Vendor onboarding » lan epi ranpli fòm enskripsyon an. Apre sa, ekip Lakkay ap egzamine demann ou an epi ba w enfòmasyon sou pwochen etap yo.

  • Èske Lakkay ofri sèvis livrezon pou biznis ak machann ?

Wi. Lakkay Logistics ofri solisyon pou boutik, machann ak antrepriz ki bezwen ranmase, transpòte oswa livre kòmand kliyan yo. Kontakte nou pou diskite sou bezwen biznis ou.

Bezwen yon pri? Klike sou “Mande kotasyon”, epi nou reponn ou rapid sou WhatsApp.